Jodia se 12 avril, se jounnen Franketienne. Franketienne fet 12 avril 1936 nan ravin sech nan depatman Latibonit sou non Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Etienne d’Argent. Papal se yon blan meriken kite gen biznis nan peyi a, manmanl sete yon jenn fi ki pat gen plis ke 15 lane lel te fel. Franketienne grandi sou Bele nan Potoprens ak manmanl, bopel ak 7 fre ak se. Li te komanse travay bone poul ride fanmi an konbat ak lavi a. Li te pwofese literati ak matematik nan ane 50 yo apre li ta pral kreye pwop lekol pal. Pandan ane 60 yo, li te milite nan pati Kominis ayisyen an et sete nan menm epok sa li te rantre fon nan domen literati. li se alafwa yon powet, yon romansye, yon neg ki ekri pyes teyat, chante, epi atis pent tou. Nonl site plizye fwa kom moun ki ka resevwa pri Nobel literati. Franketienne ekri nan lang kreyol tankou nan lang franse. Pami sa li ekri moun plis konnen nou ka site « Pelen tet », « Dezafi », « L oiseau schizophone » avek « ultravocal ». li te minis Kilti pandan ti bout tan prezidan Leslie F. Manigat te pase nan tet peyi a an 1988. Bon fet Grandet.

