Prezidan Jovenel te tèlman ap panse avèk bezwen popilasyon’an li te kòmanse enstale Izinn Alfalt nan anpil kote nan peyi’a, men 9 mwa aprè Oligak Kowonpi yo avèk politisyen mèsenè yo epi jounalis mal fwa yo asasine Prezidan’an, kowalisyon asasen’an vomi sou tout bèltravay ki te kòmanse fèt yo.



Sa nap gade la yo se Izinn Prezidan Jovenel tap enstale nan Grandans, li ta pra’l fasilite rout fèt nan tout seksyon kominal yo, 9 mwa aprè yo fin touye Prezidan’an kowalisyon asasen’an pran yon vye granmoun nan FUSION epi yo lage’l nan MTPTC pou ramase tout tout kob Prezidan’an kite genyen nan ministè’a janm di anyen, e si wap swiv wap wè materyèl yo pa ansekirite ditou, sa vle di li posib pou sektè prive mafye’a ki tap fè kilomet wout a 1.5 milyon’an volè yo o mete dife la dan yo.
Lè map gade mal krim sa yo fè sou Prezidan’an fè peyi’a, kote mizè ak grangou ensekirite’a vin triple sou peyi’a, tout bèl bagay Prezidan Jovenel tap fè anfavè pèp la sabote, tout sa’l tap fè sou dosye kouran prèske kraze ebyen sa koz kou’m wè yon mal fwa ki kontan sa asasen yo fè’a mwen pran distans mwen avèk yo nan zònn mwen ye’a o sou rezo sosyo’a.
